Modèl lavi sa a m pa menm chwazi l nan yon moman nan lavi m, mwen leve jwenn li makònen avè m tankou yon mak nesans. Nan boujonnen m, m jwenn rezon sou wout mwen pou m kontinye e rezon sa yo se rezistans, lanmou, jan m vle eksprime m pou pozisyon m, sa m santi, sa m vle elt m di m ap fè yo ak mizik paske se youn nan pi bèl langaj mwen.






Vanessa Jeudi se youn nan atis wòdpòt jenerasyon pa li an konnen an Ayiti. Li se otè, konpozitè, entèprèt, direktris atistik ak militan feminis. Vanessa koumanse fè mizik depi l tou piti, nan gospel.
Nan zèv li yo, atis la bay tout li menm nan defann jan li konprann lavi e li fè sa nan estil mizik tankou jazz, soul, blues, vodou ak rap ki yo menm se estil mizik yo rele mizik nwa yo. Kidonk kit se nan mizik li konpoze kit se lè li monte sèn, li pa janm sispann montre se konviksyon feminis dekolonyal li k ap mennen l.
Vanessa Jeudi se manm yon kolektif rap ki rele Règleman Afè Popilè depi 2015, men li lanse karyè solo li depi 2017. Jis kounye a, Vanessa genyen twa mizik pa li ki se Nanm (2017), Limyè (2021) epi Pran Men W (2022) anplis patisipasyon li, sou plizyè pwen, nan divès pwojè atistik. Nou kapab site albòm Tribilasyon Ak Kè Kontan (TRIAKK, 2020) kolektif la soti kote Vanessa se otè, entèprèt ak aranjè epi albòm Liminasyon (Cie Bazou, 2021) kote li patisipe kòm entèprèt, chèchè ak asistan nan kreyasyon.
Vanessa Jeudi jwe epi reyalize anpil espektak, nou kapab site pami yo: Carifesta (2015), Dekò (2017, 2018), Festival Quatre Chemins (2016), Festival Féministe Nègès Mawon (2017, 2018), Festival de Jazz de Port-au-Prince (2019), Limyè (2018, 2019), Rencontre des Musiques du Monde (2020), TRIAKK (2018, 2021).
Enèji vwa li, tèks li, cham li ak angajman l montre li se yon atis inik. Sa ki fèl Kolabore li ak divès rapè tankou 35 Zile, Ja-M, K-Lib Mapou, Mawon Ann Di Èzli elatriye.
Vanessa Jeudi pa gen talan sèlman, men tou li etidye Sikoloji nan Faculté des Sciences Humaines (FASCH) epi Mizik nan École Nationale des Arts (ENARTS). Vanessa fonde ak kèk kolaboratè premye aplikasyon streaming an Ayiti ki se Diskòb Mizik (chanpyon konkou inovasyon OIF) epi Bosal Mizik ki se yon labèl pwodiksyon.



Vanessa Jeudi se youn nan atis wòdpòt jenerasyon pa li an konnen an Ayiti. Li se otè, konpozitè, entèprèt, direktris atistik ak militan feminis. Vanessa koumanse fè mizik depi l tou piti, nan gospel.
Tout Dwa Rezève © 2024 Vanessa Jeudi | Dizay Collabo Branding